Sof Lanmou M K ap Rete (SLKR)

Sof Lanmou M K ap Rete (SLKR) کے بول

صنفRb
اصل زبانHT
مناظر78
گیت کے بول کے نقاط

اصل بول

HT
ترجمہ ابھی دستیاب نہیں۔ اصل بول دکھائے جا رہے ہیں۔
18
Durkheim Maten an mwen leve m santi m about Ak tout sa yo ak tout santiman k kout Pou jan mwen santi ti kè mwen menase Mwen wè jan n bèl pa janm dire Love etènèl e manti l ye À vrai dire mwen santi mwen vle dekouraje Men jodi an m raple m son limyè Lè map gade jan m bèl devon miwa E tout sa yo fè mwen renmen m pi fò vre Sòf lanmou m k'ap rete Sòf lanmou m k'ap rete, aaa Sòf lanmou m k'ap rete Sòf lanmou m k'ap rete, aaa Souvan dlo koule nan je mwen Pou jan m bay e jan m goumen Lè m byen gade se mwen k tap fòse Wi souvan m te toujou ap bougonnen Mwen te mal e m tap di m byen Lè m byen gade se mwen k te sousye Wi m konn renmen Paske m renmen tèt mwen avan pou m renmen w Se pou tèt sa m toujou ap bay san konnen Si lanmou wi si l ap tounen, si l ap tounen Wi m konn renmen Paske m renmen tèt mwen avan pou m renmen w Se pou tèt sa m toujou ap bay san konnen Si lanmou wi si l ap tounen, si l ap tounen Mwen te sispann pè pèdi w E konprann ke mwen son grande perte tou Konn valè m ase ap fè m wè m vo plis E pa konfonn sak pa bon ak gou, ouuu Non, mwen pa koupab Menmsi m ap soufri, mwen pa dwe janm di e kwè Ke mwen p ap kapab rive lwen san li Se vre m ap pè pou m pa reviv tout sa k te ka fè mwen Santi mwen tris ak met dlo nan je m trop près E si tout sa yo ka rann mwen pi fò Ooooo, ooooo... Wi mwen kwè nan mwen (wi mwen kwè!) M p ap sispann renmen (wi mwen kwè!) M ap renmen m pi plis chak jou Lè l pi fè nwa se lè sa l pral jou Wi mwen kwè nan mwen (wi mwen kwè!) M p ap sispann renmen (wi mwen kwè!) M ap renmen m pi plis chak jou Lè l pi fè nwa se lè sa l pral jou Men jodi an m raple m son limyè Lè m ap gade jan m bèl devon miwa E tout sa yo fè mwen renmen m pi fò vre Sòf lanmou m k'ap rete (sòf lanmou) Sòf lanmou m k'ap rete (sòf lanmou), aaa Sòf lanmou m k'ap rete (sòf lanmou) Sòf lanmou m k'ap rete (sòf lanmou), aaa