Pwazon (feat. Troubleboy Hitmaker)

Pwazon (feat. Troubleboy Hitmaker) lyrics

GenreZouk
Original languageHT
Views28
Lyrics coordinates

Original lyrics

HT
Translation not available yet. Showing the original lyrics.
18
Ou son manje an pwazonnen Ki gou nan bouch mwen Yon lanmou ak kè plen Ki vle banm kè tounen M anvi pouse w m anvi jete w Menm vle w ret sou mwen Ou rayi m m renmen w Se tout sam santi anndan kè mwen Ou pran kè m ou rache l Mete l dòmi nan seren Nan fè mwen mal Ou pran plezi Ou pa janm fennen Ou pran tout tan w Ou pran san w Pou ou ka fèm lapèn, Ou bliye sa w ye pou mwen Epi w derefize Ou pa vle pou n fè lapè Oooohh M pa konn kisa pou m ta bay ankò Pase tout tan ap batay Pou nou pa viv an pè Ou bliye sa w ye pou mwen Epi w derefize Ou pa vle pou n fè lapè, oooohh M pa konn kisa pou m ta fè ankò Ti krik ti krak Ou byen boude Se la w pran tout vi m Achiv ou byen Monte Pou w toujou jwe wòl viktim Se byen domaj Ou pa ka wè se ou kap fè krim ohhhw Ou pran tout tan w Ou pran san w Pou ou ka fèm lapèn, Ou bliye sa w ye pou mwen Epi w derefize Ou pa vle pou n fè lapè Oooohh M pa konn kisa pou m ta bay ankò Pase tout tan ap batay Pou nou pa viv an pè Ou bliye sa w ye pou mwen Epi w derefize Ou pa vle pou n fè lapè, oooohh M pa konn kisa pou m ta fè ankò -Troubleboy- Ou bliye sa w ye pou mwen M pat atann Mwen m konn sa m ye pou ou M pa konprann Ou dim ou pa care Tout sam diw ou pa kwè Men en réalité m konfonn Ou fè m konfonn jwa ak tristès Paske lè m kote w fache M avè w m pou kò m Paske kontantman w kache Epi marye ak tris fè tan w Paske tout sa m di w fache M anvi kite w m pa kapab Paske kè m ap rache M pa bezwen pri m peye lòv Renmen ebyen m peye pri a Kite w kraze kè m Lanmou m ba ou piyay M gade jan w ap viv avèm M di banm solo Bagay sa ap sakaje m Nicky banm solo Ou son pwazon pou mwen Ou son pwazon pou mwen Ou son pwazon pou mwen (Nicky banm solo) Ou se maladi mwen Maladi mwen ooooh E medikaman m an menm tan An menm tan Maladi mwen ooooh E medikaman m an menm tan An menm tan Ou tankou yon kleren Menm sim konnen w pral Banm tèt fè mal Fò m bwè w kanmèm Yon manje gate Menm sim konnen w pral Banm vant fè mal Fò m pran w kanmèm Cheri ou se maladi mwen Ou se maladi mwen Maladi mwen ooooh E medikaman m an menm tan An menm tan Maladi mwen ooooh E medikaman m an menm tan An menm tan Ou tankou yon kleren Menm sim konnen w pral Banm tèt fè mal Fò m bwè w kanmèm Yon manje gate Menm sim konnen w pral Banm vant fè mal Fò m pran w kanmèm