La Vi Yon Flè

La Vi Yon Flè 歌詞

ジャンルPop
原文言語HT
閲覧数50
歌詞座標

原文歌詞

HT
翻訳はまだありません。原文を表示しています。
18
La vi yon flè, s’on’w vi’k frajil Lanmò pou li pa difisil Solèy twò cho, yon gwo gout dlo Epi’l kagou, l’kage sou do Wo, wo, wo, wo Yon flè, yon flè konn bouke viv Lò l’al fleri bò yon gildiv Si’l bwè kleren, si’l tou grangou Si’l fè lanmou pandan’l tou sou Pandan’l tou sou Wo Yon flè, yon flè konn pote kwi’l Jouk sou fontyè anba gwo fil Li vann tout vi’l, pou’l janbe dlo Lò pa gen vi nan Sibawo Wo, wo, wo, lwop, po, lo, po La vi yon flè konn yon lekzil Lò li twò sèl, lò’l lwen peyi’l Lò l’al pouse jouk lòt bò dlo Nan twou sobwe bò Chicago Bò Chicago Wo, wo, wo, wo, wo La vi yon flè konn yon lekzil Lò li twò sèl, lò’l lwen peyi’l Lò l’al pouse jouk lòt bò dlo Nan twou sobwe bò Chicago Lò pa gen vi nan Sibawo Lò l’al pouse jouk lòt bò dlo Jouk sou fontyè anba gwo fil L’al pote kwi’l anba lavil La vi yon flè, s’on’w vi’k frajil