Nou tout ka pran (feat. Walkens)

Testo di Nou tout ka pran (feat. Walkens)

Lingua originaleHT
Visualizzazioni55
Coordinate del testo

Testo originale

HT
Traduzione non ancora disponibile. Mostriamo il testo originale.
18
Pa janm konnen kòman sa pwal pase Ou ka byen cool yon bon maten w leve Kontan poutan Demen san w pa t panse ou tonbe Sof ke ou pa sispan respire Paske se sa k lanmou Ou mèt atann ou Li ka frape w byen fò jis andedan ou Menm jan w oryante w nan wout Rive nan mitan w wèl bout Renmen yon moun ak tout oumenm san jamè w pat gen pyès dout Rezilta ou si tèt ou fèb lavi pa ou deja kout Lanmò pap pran m young ak djab ankò M pap vann nanm mwen Remò pap pran m pou san m se ou k t ap koule nan venn mwen Yeah! Maybe pwojè w se te fuck me up Sorry baby, zanmi m te la pou wake me up M pap bliye w sûr, tout fwa m ta rive jwen yon lòt Si se pou byen ou byen on mal ke volonte Bondye fèt E pou renmen ou s on zam fal konnen ou girl te yon defèt Ou relem jalou lougawou Ou vole pi wo ke avyon Kote moral ou pou damou An gwo ou se yon pwazon Kisa m te manke bawou Eske se love? Sak fè w fè saw fè a tou Paske m te pòv Di m sa w te gen nan tèt ou Pou w te fè m chòv Mèsi kanmenm w aprann mwen sak rele love yeah Mouri ou viv san li pa mande l sa l pi pito (Se mwen k pou di w kijan li bon pou mwen) Malgre l konnen tout sa l fè se li l vle kòm kado (Ba l tout vye blag ou vle y ap bèl pou mwen) Menm si sa ta rive yon jou pou li ta ba l do (M prè pou sa k pase paske se ou ki tout pou mwen) Nan lanmou pou yon lòt nenpòt ka kwè w se yon fleyo (Ke devan l menm sida ak kansè poko janm anyen) Se pou premye fwa M te panse jwen yon moun pa m Si w ap tande vwa m W ap wè yon Gangster ak cham Ki vin avèk Rhymes, lyrics dramatik kòm zam Resevwa track sa tankou yon dènye lèt blam Blood m tap tande w Dayè m konn de kiyès ou t ap pale Sa k ap sakaje w yo m konpran se menm B. S yo k ap kale Nanm mwen G m damou e m kagou Chak fwa m sonje ki bò ki jou Mwen pran premye gou Yon santiman m pat ko konnen (E ak kiyès tou, ti rès la) Non! Pou mwen nan fanm pa janm gen rès sa m apran viv san casse-tête Lè ou renmen yon moun nenpòt ti jès li fè se yon pakèt M pap kache w Pou li m abitye peye dèt an kachèt Mwen ak bebe sa kèt Se tankou dwèt ak gachèt Dèfwa w mande padon Pou sa w pa fè Ou menm pran baton Ou pa annafè Se pou sa map mande oh nèg ak bab la Pouki m pa kouri se vle m pa vle ou byen m pa kapab la Mouri ou viv san li pa mande l sa l pi pito (Se mwen k pou di w kijan li bon pou mwen) Malgre l konnen tout sa l fè se li l vle kòm kado (Ba l tout vye blag ou vle y ap bèl pou mwen) Menm si sa ta rive yon jou pou li ta ba l do (M prè pou sa k pase paske se ou ki tout pou mwen) Nan lanmou pou yon lòt nenpòt ka kwè w se yon fleyo (Ke devan l menm sida ak kansè poko janm anyen) Li te renmen w li te damou w Li te fou pou ou oh, yeah Li ka toujou renmen w li ka toujou damou w E bay tout vi l pou ou Li te renmen w li te damou w Li te fou pou ou hmmm Li ka renmen w li ka toujou damou w ohh E bay tout vi l pou ou