Pa Koupe Bwa

Pa Koupe Bwa के बोल

शैलीHip Hop Rap
मूल भाषाHT
व्यूज़28
गीत निर्देशांक

मूल बोल

HT
अनुवाद अभी उपलब्ध नहीं है। मूल बोल दिखाए जा रहे हैं।
18
Si n ap koupe san plante bwa Tout tè k nan mòn ap degringole Pa koupe bwa Chak sa n koupe nan fòs nou k pwale An n plante bwa Linyon fè lafòs n ap pwouve l Bwa! Fouye tou pou n plante patou, patou Mete bwa Pou tè k nan mòn pa degringole Pa koupe bwa Chak sa n koupe nan fòs nou k pwale An n plante bwa Linyon fè lafòs n ap prouve l Bwa! Fouye tou pou n plante patou, patou (Mete bwa) Dejavu Mesaj alanasyon, n dwe koute, yon koze ki trè rijid sou bwa n ap koupe Wè, se vre debwazman an sechrès l ap koze An n fè souple rebwazman an se fòs l ap pote Tout jèn kou vye, an n monte lan mòn n al plante Figi peyi n k ap degrade pou n al rekanpe Ak konsyans nou, dwe gen kòm randevou Pran pikwa pou n fouye trou Mach ak plant pou n met nan tout Ka g on chans pou tou egou Bwa se lavi, sikonstans pa dwe fè w koupe l frè m pou w brase lavi Si konsyans pa touche lè w fè sa, m kwè sa se lacune Si bon sans pa fè n wè malè sa m kwè n va fè la une Gen deja kòm egzanp: Fon vèrèt, gonayiv Yon karans bwa te bay yon kay an nwa Yon katastròf ki fè kriye, rele koz karans lwa Pa koupe bwa, bwa pot oksijèn Pouki n ap koupe, koupe san n pa plant on fwa Si n ap koupe san plante bwa Tout tè k nan mòn ap degringole Pa koupe bwa Chak sa n koupe nan fòs nou k pwale An n plante bwa Linyon fè lafòs n ap pwouve l Bwa! Fouye tou pou n plante patou, patou Mete bwa Pou tè k nan mòn pa degringole Pa koupe bwa Chak sa n koupe nan fòs nou k pwale An n plante bwa Linyon fè lafòs n ap prouve l Bwa! Fouye tou pou n plante patou, patou (Mete bwa) Voye je w nan mòn w ap wè se mazora li ye Tèlman ayisyen koupe bwa yo ak vorasite Gon lè m pa kwè n ap gen tan pou n gentan pare Priye bondye pou pa lage n nan kouri M ap fout parye si w te plante w pa t ap pale de mouri Si nan de twa zan ou ta remen pou lanati fleri Fò w fè rebwazman si w ta renmen w g on ayiti cheri (fow fè l!) Fò w kont debwazman (men n ap mennen avan lavi n peri) Fò w fouye bwa patou, nan nenpòt tou E sa se devwa pa w tou, e m vle fò ou ta fèl jis avan lanati peri Ayisyen jwe ak lavi n nan fè sa ki pa bon Yo jete fatra nan ravin, koupe bwa fè chabon (sa pa bon) Lè w panse koup on bwa plante 10 pito E w genyen kòm devwa fè l nan plis vil yo E ou wè nan biznis yo, antre acht on fou e panse ak yon jou Si w pa gen gwo bwa djanm kanpe (ki byen du!) ki pou bare dlo (siklòn ap bare n) Pa koupe bwa Fò w bay lavi, jan lavi dous frè m An n met lebra Pou proteje sante n pa bliye Fò n plante bwa Pou anviwonman an pa degrade N ap koupe bwa Gen danje Si n ap koupe san plante bwa Tout tè k nan mòn ap degringole Pa koupe bwa Chak sa n koupe nan fòs nou k pwale An n plante bwa Linyon fè lafòs n ap pwouve l Bwa! Fouye tou pou n plante patou, patou Mete bwa Pou tè k nan mòn pa degringole Pa koupe bwa Chak sa n koupe nan fòs nou k pwale An n plante bwa Linyon fè lafòs n ap prouve l Bwa! Fouye tou pou n plante patou, patou (Mete bwa) Si n ap koupe san plante bwa Tout tè k nan mòn ap degringole Pa koupe bwa Chak sa n koupe nan fòs nou k pwale An n plante bwa Linyon fè lafòs n ap pwouve l Bwa! Fouye tou pou n plante patou, patou Mete bwa Pou tè k nan mòn pa degringole Pa koupe bwa Chak sa n koupe nan fòs nou k pwale An n plante bwa Linyon fè lafòs n ap prouve l Bwa! Fouye tou pou n plante patou, patou (Mete bwa) Pa nenpòt bwa non man (pa koupe bwa) Plante mapou, figye (an n plante bwa), gayak, bon bwa Bwa k bay fwi yo e sitou pa bliye primyo, lila (Mete bwa) se seche yo seche dlo E n bezwen dlo pou n bay bw