Pridan

Letra de Pridan

GéneroZouk
Idioma originalHT
Vistas39
Coordenadas de la letra

Letra original

HT
La traducción todavía no está disponible. Mostramos la letra original.
18
Youn de twa kat Ou gon jan w pote tèt ou banmwen Tankou se ou k te vle blese a Mwen pa konprann poukisa Pouki se ou ki vle blese a M gentan konprann Ou vle on bon nèg m sanble sa Men mwen pa poukò m Men pa sanble ou kè Ou genlè pa fin twò kè non Ou wè lavi Jou mwen frape ou louvri Ou ta dwe pèdi Tout bèl rezon ki fè M santi w vle m andedan Tou santi gaz si m pase tou pre w Jan w cho a ri rebecca tou boule Pou di m o wi bebi Ti nannan plen dlo Si w pa kwè m ka moutre w Ou tankon bèl ti voyaj Men se kote w Vle ateri ak trouble m Ou kwè ti farinay sa vo tout dlo moute sa Pouki se wout sa w chwazi sè mwen Paske moun pa janm pa kanpe ap gade ou Rimè a di e ou ki pi move San manti baz sanble gen koupe vre Eskize m men se sa w vann mwen Sa fon ti tan m vin on jan pi pridan Ou kon peyi k chaje kalite Kap kreye ensekirite Anpil pral panse Ou son moun serye Nan on sosyete volè abiye Sa w tapresye lakay mwen yo Pral menm sa k kondane w yo Nou ka chante Nou ka danse Nou ka ranse Nou ka griyen dan Men se kè w ki pral fòse ou sonje ke Lanmou pa okouran Ou gon jan w brote tèt ou banmwen Tankou se ou k te vle blese a Mwen pa konprann poukisa Pouki se ou ki vle blese a Ou gon jan w brote tèt ou banmwen Tankou se ou k te vle blese a Mwen pa konprann poukisa Pouki se ou ki vle blese a Youn de twa kat