Mennaj Ou Enèvem

Letra de Mennaj Ou Enèvem

GéneroZouk
Idioma originalHT
Vistas35
Coordenadas de la letra

Letra original

HT
La traducción todavía no está disponible. Mostramos la letra original.
18
Poukisa pou m lite, pou m gen tout sa m reve E yon lòt posede sa l vle, san li pa merite l Yo di mwen se sa lavi Kote k gen chènn, pa gen kou cheri Men lè m wè l san m bouyi Ou wo, lè m wè l, tèt mwen pati Mwen mache san rete, mwen swiv ou tout kote Ak lespwa yon jou va rive ou m'a kapab pwoche ou Elas mizè m pap fini, paske nonm sa pa banm chans cheri Men lè m wè l san m bouyi Menaj ou eneve mwen Cheri, menaj ou eneve mwen Menaj ou eneve mwen Si w ap tande, di l sa pou mwen tanpri Menaj ou eneve mwen Woy! Li pran tou sa m te reve Menaj ou enève mwen O wi, fòs mwen, nanm mwen Sa fè m mal lè li touche w M paka wè lè li pwoche w Tout san m pike Men se fòt lanmou Se li ki rann mwen mechan Men se fòt lanmou (Ki fè m rayi l otan) M’anvi ou renmenm menm jan Pataje lavi w otan Di w mwen renmen ou tout tan Enbesil la pa janm banm tan Si w te ka di mwen (Kijan pou m pwoche w) Cheri tout sa m fè ou pa wè (Kijan pou m pwoche ou) Mond sa a pou mwen a lanvè (Kijan pou m pwoche w) Nonm sa a pou mwen se lanfè (Kijan pou m pwoche ou) Pi gwo kochma m sou latè Defwa m swete malè rive, ak yon lòt fanm pou ta kenbe li Pa konn kisa m ta envante pou m wè demen nou fout kite Yo rakonte m jan li gate w, tout vid nan vi w kijan l konble li M paka goumen, si l pa gen pou repwoche Fabrice m wè tout koulè, sèl klè m pa wè! Cheri m ap mouri wi! Wooo, wooo Chapapedpapidipapadpedaw! Kijan pou m pwoche w Men cheri, tout sa mwen fè w pa wè (Kijan pou m pwoche ou) Kijan mond sa pou mwen a lanvè (Kijan pou m pwoche w) Nonm sa pou mwen se lanfè lanfè! Manman! Loulou, I believe bro Woule, woule, woule Ici Kreyol la! Fanatik Kreyol La, ou kwè y'ap janm jwenn bout nou? Hehey! Cheri, mennaj ou ap tiye m wi Wo wo wo Mennaj ou enève mwen Men cheri, mennaj ou enève m Mennaj ou enève mwen Si w ap tande, di l sa pou mwen tanpri Mennaj ou enève mwen Li pran tout sa m te reve Fòs mwen nanm mwen Sa fè m mal lè li touche w M paka wè li pwoche w Tout san m pike