Cherie Ann Ale

Letra de Cherie Ann Ale

GéneroRb
Idioma originalHT
Vistas100
Coordenadas de la letra

Letra original

HT
La traducción todavía no está disponible. Mostramos la letra original.
18
Yeah Yeah-eh-eh-eh Cheri ann ale, cheri ann ale la Pa okipe manmi papi k ap bay pwoblèm Si papi soti poul bay pwoblèm N ap fè ti pakèt nou epi nap vole vole Mwen tap mache nan katye a Mwen te kwaze ak ti fanm sa Pou janl gadem li twaze mwen man Kyèt man M te gentan konnen sa pap ret konsa Li gon bèl rega e bèl kò M ap di w fanm sa s on bèl dekò Li gen 18 m gen 21 m te gentan konnen l ap difisil Men pou mwen sa pat anyen Nan koze nan pale mwen Vin konnen ke se vwazin mwen Zanmi k te la k tap obsève mwen M te déjà konnen se pwoblèm m ap chèche bay tèt mwen Yo di m papa l son jalou gen pafwal aji kon moun fou Mwen di just avan w ale tanpri baby pase m numero a souple Cheri ann ale la Pa okipe manmi papi kap bay pwoblèm Si papi soti pou l bay pwoblèm N ap fè ti pakèt nou epi nap vole vole Li vin aksepte n ansanm Tout kote n pase n ansanm Lè l pwoche ti bouch li bò kou mwen bò jou mwen Hmm sa mache nan san m She's a cutie lady and she makes me happy The way she moves the way she touch me drives me crazy Konnen w pa konnen ti fanm sa ki jan m vin renmen li Konnen w pa konnen ti fanm sa ki jan m vin fou pou li Cheri ann ale la Pa okipe manmi papi k ap bay pwoblèm Si papi soti pou l bay pwoblèm N ap fè ti pakèt nou epi n ap vole vole Wo lo lo wo lo lo bwa m mare Tande koze wo Kounya m kòmanse vin blèm Nou tonbe nan plis pwoblèm Ou paka soti vin wè m Nou paka soti bwè krèm Mwen santi m bouke mwen kòmanse fatige Franchman map mande èske se konsa l ap rete Wo lo lo wo lo lo bwa m mare Tande koze wo Cheri ann ale la Pa okipe manmi papi k ap bay pwoblèm Si papai soti pou l bay pwoblèm N ap fè ti pakèt nou epi n ap vole vole